Bèl ekilib ant kouraj ak laperèz
2,750,891 plays|
Cara E. Yar Khan |
TEDWomen 2019
• December 2019
Aprè yo te fin dyagnostike l ak yon maladi jenetik ra k ap fin manje tout mis li yo, yo te fè Cara E. Yar Khan konnen pou l te met pye sou anbisyon l epi bay rèv li yo do. Li pa t koute konsèy sa a, epi li te kontinye pousuiv kokennchenn anbisyon l yo. Nan ti pale pisan ak pil emosyon sa a, li pataje filozofi li kote l t ap travay sou pwojè ki te plis konte pou li yo, pandan l te kite kouraj ak laperèz mache men nan men. Gade imaj vwayaj sa a, ki kapab rete kè w, fè w sote, k ap montre w jan l ap viv teyori li a tout bon vre.